Ticker_SF.jpg
 
 
 
Kòmanse yon nouvèl vi Meksik
 
Si ou pè tounen nan peyi w paske vi w, sekirite w oubyen libète w an danje, ou gen dwa mande pwoteksyon kòm refijye nan peyi Meksik
 
Kimoun ki refijye?

Se yon moun ki pa kapab tounen nan peyi li paske vi li, sekirite li oubyen libète li an danje.

Moun ki nan sitiyasyon sa a kapab mande gouvènman meksiken an èd pou li ka rekonèt yo tankou refijye.
Lè ou se yon refijye, ou lib pou ale kote ou vle nan peyi a, w ap genyen dwa – menm jan ak yon sitwayen meksiken- a edikasyon, travay, sèvis sante, kay pou rete ak lòt benefis ankò, epitou w ap genyen pwoteksyon leta meksiken an. Men sèlman ou dwe toujou respekte konstitisyon an, lwa ak règleman peyi Meksik yo.

 

Kòman pou w kòmanse yon pwosesis pou mande pou yo rekònèt ou kòm refijye nan peyi Meksik
 

Nan peyi Meksik, enstitisyon leta ki responsab pou resevwa, analize e deside demand refijye yo se Komisyon Meksikèn pou Èd a Refijye (Comisión Mexicana de Ayuda a Refugiados – COMAR).

Ou genyen 30 jou laborab depi nan moman ou rive Meksik pou ou kontakte COMAR epi prezante demand ou a.
Sonje, jou laborab yo se lendi a vandredi san wikenn pa ladann, ni jou ferye yo.
Si ou genyen plis pase 30 jou laborab nan peyi a, chèche oryantasyon legal. ACNUR kapab mete w an kontak avèk òganizasyon ki bay asistans sa yo gratis.

Si ou nan vil sa yo tankou Acayucan, Ciudad de México, Tapachula oubyen Tenosique, ale nan nenpòt biwo COMAR pou w kapab kòmanse pwosesis ou a. Si ou pa prè vil sa yo, ou kapab kòmanse pwosesis la nan yonn nan biwo Enstiti Nasyonal Migrasyon (Instituto Nacional de Migración – INM) ki regle zafè migratwa ki nan tout peyi a.

Si ou nan yon biwo Migrasyon, fè pèsonèl INM nan konnen ke ou bezwen kòmanse pwosesis la nan COMAR.

  • Pwosesis la GRATIS epi ou pa oblije PREZANTE PRÈV

 

Premye sa w ap gen pou w fè

1. Mande pwoteksyon!

Ale nan COMAR, nan biwo INM oubyen ale kote nenpòt otorite meksikèn epi di yo ou bezwen mande refij nan peyi Meksik, rakonte koz ki fè ou pa kapab tounen nan peyi w. Ou ka di yo sa oubyen ekri l ba yo.

2. Fòmilè

W ap gen pou ranpli yon fòmilè pou ou eksplike poukisa ou kite peyi w epi poukisa ou pa kapab retounen.
Si fanmi w ansanm avè w li enpòtan pou w endike sa nan fòmilè a tou; si yo rete nan peyi w, ou dwe mansyone non yo nan fòmilè a.

  • COMAR pa pral pataje ak pyès moun tout sa ou di li yo, sa rete konfidansyèl.

3. Resi

COMAR ap ba ou yon sètifika ki se yon prèv ki di ou kòmanse pwosesis la e pèsòn pa gen dwa voye w tounen nan peyi w. Se yon dokiman ofisyèl ki genyen enfòmasyon pèsonèl ou ak foto w li dwe genyen ladan l tou fanmi w ki avèk ou yo, verifye byen si enfòmasyon ou yo kòrèk!

Sètifika w la gen valè sèlman andan depatman oubyen rejyon (antite federal), kote w te kòmanse pwosesis la.
Si w sòti kite zòn kote w ye a, dosye w la p ap gen konsiderasyon ankò, sa vle di yo p ap kontinye travay li. Si ou vle sòti nan yon depatman oubyen rejyon pou ale nan yon lòt, ou dwe mande otorizasyon nan COMAR pou w ka fè sa

4. Kle Inik Rejis Popilasyon (Clave Única de Registro de Población –CURP-) pwovizwa

COMAR ap ba ou tou CURP pwovizwa ou a, ki se yon kód ki genyen 9 chif ak lèt ki ap ba ou aksè a jesyon epi sèvis piblik yo.

5. Ale pèsonèlman pou w siyen

Ou dwe ale ou menm menm nan biwo COMAR la oubyen nan biwo INM nan pou w siyen nan jou yo endike w yo. Si w pa al siyen lè yo di w la, yo va konsidere ke ou abandone dosye w la.

Toujou rete atantif a enstriksyon ak enfòmasyon otorite yo.

6. Kat vizitè pou rezon imanitè

Lè ou se yon moun ki aplike pou kondisyon refijye sa ba ou dwa mande nan INM yon Kar vizitè pou rezon imanitè. Kat sa ba ou yon kondisyon legal pou w viv nan peyi a epitou li pèmèt ou travay. Li gratis e li valab pou yon ane.

7. Entèvyou

COMAR reyalize pou pi piti de (2) entèvyou:

  • Kalifikasyon– Y ap fè yon entèvyou pèsonèl avèk ou pou yo ka konnen rezon ki fè ou kouri kite peyi w. Li enpòtan anpil pou COMAR genyen anpil enfòmasyon sou sa ki mete lavi w an danje nan peyi w. Rakonte tout ti detay ki te pase yo.
    Ou pa gen obligasyon bay prèv, men si w genyen, ou mèt montre COMAR yo.
  • Asistans– se pou yo kapab konnen w pi byen epi detekte bezwen ou yo, objektif li se pou fasilite w genyen aksè a jesyon epi sèvis yo.

Daprè bezwen w, ou ka mande pou ke se yon gason oubyen yon fanm ki fè entèvyou avèk ou.

9. Rezolisyon

COMAR ap etidye dosye w la epi l ap enfòme w desizyon li pran.

Sa kapab dire jiska 45 jou laborab, plis 10 jou laborab pou COMAR kominike w desizyon li pran an.

Si COMAR bezwen plis tan pou ba w repons, l ap fè w konn sa e sa ka pran yon lòt 45 jou laborab ankò pou w resevwa repons. Y ap ba ou yon lòt Sètifika nèf.

  • Rezolisyon pozitif

Nan ka sa, ou se yon Refijye oswa ou resevwa Pwoteksyon Konplemantè!

Men pwosesis la pa fini la, avèk dokiman ou a ou dwe ale nan COMAR oubyen nan biro pou Regilasyon Migrasyon INM nan pou w ka kòmanse pwosesis migratwa w la pou w kapab resevwa Kat rezidans pèmanan pou ou menm avèk tout fanmi w ki ansanm avèk ou. Sa ap pèmèt ou viv nenpòt kote Meksik.

  • Rezolisyon negatif

Si ou pa dakò avèk desizyon COMAR la, ou kapab mande pou yo revize dosye w la. Si
ou pa enterese nan yon lòt opòtinite, ou ta va gen pou retounen nan peyi w.

Ou gen 15 jou laborab apati de dat yo kominike w desizyon an (rezolisyon) pou w mande pou revize dosye w la, pwosesis sa rele ¨Recurso de revisión¨. Sonje ke ou kapab toujou mande oryantasyon ak apwi ACNUR.

 

ENFÒMASYON ADISYONÈL
 
  • Tout pwosesis la GRATIS nan COMAR, menm jan ak dokiman migratwa INM ap ba ou ki gen pou wè ak pwosesis ou a.
  • Ou gen dwa a yon avoka piblik pou akonpaye w pandan tout pwosesis la
    • Ou kapab rele Enstiti Federal Defans Piblik (Instituto Federal de Defensoría Pública (IFDP) pou w resevwa asistans legal gratis:
      01 800 224 24 26
  • Si w bezwen yon tradiktè oubyen yon entèprèt pou ede w nan pwosesis la, ou kapab mande sa.
  • Ou gen dwa antre an kontak ak Konsila peyi w la, men si w pa vle fè sa, se pa yon pwoblèm paske se pa yon obligasyon.
  • Ou gen dwa pou w resevwa edikasyon ak sante piblik. COMAR ap ba w asistans pou ede w gen aksè a edikasyon, sante, dokiman idantite ak vwayaj.
  • Komisyon Nasyonal pou Dwa Moun (Comisión Nacional de los Derechos Humanos (CNDH) ap akonpaye w e pwoteje dwa ou.
    Ou ka rele nan telefòn sa gratis nan tout Meksik: 01 800 715 2000

 

Kontakte COMAR
 
  • Acayucan, Veracruz

Carretera Costera del Golfo No. 180, Km. 221
(55) 5209 8800 ext. 37063, 37064, y 37065.

 

  • Ciudad de México

Versalles No. 49, Col. Juárez
(55) 5209 8800 ext. 30147

 

  • Tenosique, Tabasco

Calle 2 S/N, esquina calle 55, Col. Pueblo Nuevo (frente a tanque de agua elevado)

 

  • Tapachula, Chiapas

8va Avenida Sur y 4ta Poniente No. 39, Col. Centro
(962) 642 5318 o (962) 642 5319

 

  • Sous: ACNUR, la Agencia de la ONU para los Refugiados

 

*Sin Fronteras IAP no representa a ningún organismo público o de gobierno. Para más información consultar el sitio oficial:

https://www.gob.mx/comar